Te voilà flotté très cher Bleu et Rouge!

Publié le par Mariental

Si aujourd’hui nous ôtons nos chapeaux, ce n’est pas pour jouer les prétentieux ni pour montrer nos coupes de cheveu, mais pour nous plaire à saluer avec respect notre beau DRAPEAU qui célèbre son 207ème printemps.

Conçu par le Général Jean Jacques Dessalines, cousu par Mademoiselle Catherine Flon, une jeune femme créole aux doigts de feu et au cou délicat, natif de 18 mai, notre BICOLORE, au-dessus de nos têtes, fait notre fierté par son BLEU fort atteignant le summum de la perfection et par son  ROUGE renversant nous rappelant le sang de nos ancêtres versé pour notre liberté et notre dignité.

Voici donc un mot en créole à son égard.

Ble e wouj nou

Gade sou tèt ma drapo nou

Wa wè ble e wouj nou tou limen

Byen klere, potre yon zetwal 18 me

Ki pral file

Nan ge zegwi Manzè Katrin Flon,

Nan lakou Lakayè

Li tankou yon kap

Kap layite nan bon jan van

Sou tèt palè nasyonal.

On sèl kout zèl li sifi

Pou leve yon madanyogann.

Ble e wouj nou, kanpe telman wo

Menm  mét minui, janmdebwa ak bwapiwo

Paka fouti touche pwent pye l’

Paske nanpwen BLE

Ki BLE tankou BLE l’

Ni WOUJ ki  san

Tankou WOUJ li.

Ble e wouj nou chèlbè

Li konn kale brodè,

Li konn abiye, li pote mak LIBETE,

Palmis, poto mitan kay tout moun

Ki kwè nan libète ak fratènite,

Flanm dife fanm ak gason vanyan

Ki pran lannwit madan koloni

Pou fè lanjounen maman libète.

Lè ble e wouj nou

pran bay payèt

Nan mitan pil drapo peyi Loni yo,

Li potre yon zwazo prentan

Kap resevwa ochan,

On fa ble e wouj

Kap viwonnenn, limentenyen lot yo

Lè nou pran gade sa,

Je nou pran dife,

Zèklè file nan kè nou,

Nou gen lafyèv lajwa!

Se pou sa, anba lonbray li pou nou kanpe

Menm si nap viv nan ziltik,

Menm si yo ta rele nou grenn pwomennen

Paske nal bouske lavi byen lwen.

Pa bliye, nou se ti poul kay

Anvan lanjelis sonnen,

Se pou nou tounen lakay

Al bay lanmen

Ak sila yo ki pa fè wonn pot.

Konsa, lè 18 me rive,

Tout fanm va mete bel kako

Mouchwa fleri sou pwent tèt,

Gason yo va met tout fonmal yo deyo

Pou al kanpe sou deran

Salye drapo nou kap passe,

Admire timoun lekol ak jenn etidyan

Kap paweze anba solèy cho

Ak bèl fanm kreyol

Kap taye banda anba labanyè

Ble e wouj nou!

Publié dans Histoire-Haiti

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article
P

Très cher Tine, comme ma marraine d'adoption, je viens un peu en retard souhaiter un bon 207ème anniversaire au drapeau Haïtien, cher à mon coeur, pays de mon fils et de mes amis encore là bas.

Répondre
A
En retard bon 206ème anniversaire au drapeau.
Pour le pays pour les ancêtres et pour mon fiston.
Bises
Aurèle et Nay
Répondre