BANM VAN

Banm van

 

Banm van poum al Lagonav,

Pa lage m’ Tigwav,

M’ pa fanm gwos,

Poudi m’ ta anvi manje dous makos;

Pouse m’ lwen

Se van m’ bezwen,

Poum ka wè sa kap pase,

Banm van kapitèn,

Ou pa bezwen met sirèn,

Wap fèm soud,

Ou pa wè nou fin dekoud,

Ou pa wè kat la mare katoz,

Rat ak chat ap kale poz,

Sou do malere,

Mizè finn touye,

Pa pale m de la jistis,

Wap fèm tris,

Demokrasi melanje ak demagoji,

Fèm reve diktati,

Moun rich ak moun pov,

Se let ak sitwon,

Paske, nèg lajan gen tèt chov,

Nèg poch kreve gen move platon,

Se pa yon rezon,

Pou youn Jacmel,

E lot la Jérémie

Peyi a ta pi bel,

Si l te gen plis amoni.


 

                                                           Mariental (Haiti)

Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :